Bump & Beyond

Ti bebe ou a gen gwosè yon oliv vèt.

Dan tibebe a ap kòmanse fòme. Tout ògàn esansyèl tibebe ou yo la epi yo pral kontinye fòme pandan kèk mwa k ap vini yo.

Manje byen ede tibebe ou grandi fò epi fè ou santi ou pi byen. Tanpri chwazi yon melanj fwi, legim, grenn antye, pwoteyin, ak letye.

Tanpri bwè anpil dlo epi pran yon vitamin prenatal chak jou. Toujou pote yon boutèy dlo avèk ou.

Ede jwenn fwi ak legim fre

Pwogram Nitrisyon pou Fanm, Tibebe ak Timoun (WIC) bay moun ansent ak timoun fwi ak legim fre. Ou kapab aplike pou WIC pandan ou ansent. Si ou kalifye, ou ap bezwen yon referans nan men founisè swen prenatal ou a.

Pou yon lis biwo WIC nan zòn Boston, tanpri rele 211.