Bump & Beyond

Ti bebe ou a se gwosè yon franbwaz.

Dwèt ak zòtèy yo kòmanse fòme. Poumon, je, zòrèy, bouch ak nen yo ap fòme tou. Kòd lonbrik la fòme nèt epi pote tibebe ou tout bagay li bezwen pou l grandi.

Tibebe ou la kòmanse bouje, men ou poko santi l.

Byenveni nan BMC pou swen prenatal ou! Vizit prenatal yo enpòtan pou asire ou ke tibebe ou ap grandi byen. Yo ede tou prepare ou pou gwosès ak akouchman epi tcheke si gen pwoblèm tankou anemi, dyabèt, ak tansyon wo.

Ou ka jwenn swen prenatal youn a youn, oswa an gwoup! Opsyon gen ladan vizit yon sèl-a-yon sèl ak yon fanmsaj, yon enfimyè pratikan, oswa yon doktè. Ou kapab chwazi swen gwoup ak yon fanmsaj tou atravè yon pwogram ki rele CenteringPregnancy.

Kòmanse reflechi sou kiyès ou vle founisè swen ou a ye.