Bump & Beyond

Tibebe ou a gen menm gwosè ak yon aticho.

Yo ka deplase figi yo, bay yon rale, ak souse gwo pous yo. Zong yo ap grandi jiska pwent dwèt yo. Pati nan sèvo yo ki ede wè, pran sant, manyen, goute, ak tande ap kòmanse devlope.

Tanpri, ou pral fè yon echografi byento pou asire tibebe ou a ap devlope nòmalman.

Afimasyon chak semèn

Mwen mande èd lè mwen bezwen li.

Tanpri note ke sipò pandan travay akouchman te montre li diminye to operazyon sezaryèn. Li kapab amelyore rezilta akouchman yo tou. Tanpri mande founisè ou sou pwogram Sè akouchman oswa yon doula pou sipò pandan tranche a.

Sè akouchman yo se moun ki soti nan kominote ki antoure Boston ki pale lang ou. Yo resevwa fòmasyon espesyal pou bay ou sipò pandan gwosès la, akouchman, ak apre tibebe a vini.