Bump & Beyond

Echografi pou wè kijan tibebe ou ap devlope

Echografise yon tès komen pou tcheke tibebe ou a pou nenpòt pwoblèm. Yon echografi (yon tès ki soti nan mo angle ultrasound) itilize onn son pou kreye yon imaj tibebe a, imaj sa a parèt sou yon ekran òdinatè. echografis yo itilize pou verifye:

  • Batman kè tibebe a
  • Laj jestasyon tibebe a (ki kantite tibebe a devlope)
  • Kwasans kè tibebe ou, sèvo, kolòn vètebral, ren, ak lòt ògàn
  • Pwa estime tibebe ou a

Ki jan pou ou prepare pou echografi ou an?

Li enpòtan pou swiv etap sa yo pou asire echografi ou ka pran foto klè nan tibebe ou a:

  • Tanpri bwè sis a uit vè dlo anvan echografi ou.
  • Pa fè pipi jiskaske apre echografi ou fini.

Lè ou gen yon blad pipi plen, sa ede nou wè tibebe ou pi klè.

Ou ka pote yon moun sipò avèk ou nan echografi ou a.

Konbyen fwa mwen pral fè echografi?

Pifò moun fè 2 echografis pandan gwosès la.

premye echografi fèt anviwon 11 a 13 semèn. Li ede konfime dat akouchman ou, epi li ka tcheke pou kèk pwoblèm jenetik.

Dezyèm echografi an rele yon sondaj fetis. Li fèt ant 20 a 24 semèn epi li tcheke kò tibebe a ak ògàn yo. Nan etap sa a, ou ka tou konnen sèks ti bebe a si ou vle konnen.

Gen kèk moun ki ka bezwen plis echografi. Yo ka fè sa yo pou verifye sante tibebe ou, oswa si ou gen yon pwoblèm sante. Anplis de tcheke batman kè tibebe a ak pwa li, eskanè anplis sa yo ka tcheke likid amniyotik la (dlo ki ozalantou tibebe a).