Bump & Beyond

Jwenn èd kounye a pou sante mantal ou

Èske ou menm oswa yon moun ou konnen ap fè fas ak yon kriz sante mantal? Tanpri jwenn èd kounye a.

Tanpri dekouvri kijan pou jwenn èd ijans nan BMC, oswa atravè liy sipò rejyonal ak nasyonal pou apre akouchman ak nouvo paran yo.

Tanpri jwenn Èd ijans nan Boston Medical Center

Pandan jounen an
Aswè ak lannwit
  • Boston Emergency Services Team (BEST) ofri sèvis ijans sante mantal 24 èdtan pa jou, sèt jou pa semèn. Tanpri rele 800.981.4357.
  • Sèvis dijans BMC a sitiye nan 725 Albany Street epi li louvri 24 èdtan pa jou.

Lòt èd

Pwogram gratis sa yo ka ede ou aprann plis sou sante mantal, jwenn yon terapis oswa lòt sipò, oswa jis konekte ou ak yon moun ki ap sipòte ou pou ou pale avèk lè ou ap gen yon moman difisil oswa santi ou akable ak konpòtman tibebe ou la.

Si oumenm oswa yon moun ou konnen ap fè eksperyans yon ijans medikal, tanpri rele 911 oswa ale nan sal ijans ki pi pre a.