Bump & Beyond

Fason moun sipò ou kapab ede

Lè ou la: sipò apre nesans la

Ki jan sipò a sanble apre nesans la? Apre tibebe a vini, ou ka bezwen plis sipò. Se travay di pou aprann pran swen nouvo tibebe ou. 

 Fason moun sipò yo ka ede apre nesans

  • Tanpri bay pawòl ankourajman.
  • Tanpri ede ak dòmi. Yo ka pran tibebe a pou ou ka fè yon ti dòmi.
  • Tanpri kwit manje oswa pote yon bagay pou manje.
  • Tanpri lave ak pliye lesiv la.
  • Tanpri lave asyèt yo.
  • Tanpri ede lòt timoun yo nan fanmi an. Timoun yo bezwen anpil lanmou ak sipò lè yon nouvo tibebe vin fè pati fanmi an.
  • Tanpri kenbe, benyen, oswa chanje tibebe a.
  • Sipòte bay tete, tankou di ou ap fè yon bon travay oswa pote ou yon ti goute ak yon vè dlo lè ou ap bay tete.
  • Si w ap itilize bibwon, pran tou pou bay manje.
  • Tanpri ale nan vizit founisè tibebe a epi poze kesyon yo.
  • Tanpri montre konpreyansyon. Gen yon nouvo ti bebe ka bay estrès ak fatigan.

Kongé fanmi medikal peye

Patnè oswa manm fanmi yo ka elijib pou pran yon konje medikal fanmi peye pou ofri sipò ak kreye lyen apre tibebe a fèt. Aprann plis sou Konje fanmi ak medikal peye Massachusetts.   

E si mwen ta vle plis sipò?

Ou pa poukont ou. Tanpri pale ak ekip swen sante ou a—yo ka ede ou konekte ak moun ki pran swen ak pwogram itil nan BMC.

Tanpri jwenn plis resous pou sipòte byennèt fanmi ou