Bump & Beyond

Bay tete ti bebe ou ki fèt twò bonè

Lèt ou a se tankou medikaman pou yon tibebe ki fèt twò bonè. Pandan ke nouri bebe ou a nenpòt fason ou kapab se bagay ki pi enpòtan, bay tete ti bebe twò bonè ou gen enpòtans.

Benefis lèt tete ak bay tete

Gen anpil fason ti bebe twò bonè ou ap ka benefisye de lèt manman ou. Se paske lèt matènèl:

  • Gen grès ak pwoteyin pou ede tibebe ou grandi, pran pwa, epi rete cho.
  • Ede pwoteje tibebe ou kont enfeksyon, ki gen ladan yon enfeksyon grav nan zantray la
  • Pi fasil pou dijere pase fòmil epi dou sou vant la
  • Sipòte devlopman sèvo ak je
  • Ede tibebe ou prepare pou li soti nan lopital la pi vit
  • Bati lyezon po-a-po ak manje kalm tou de ou menm ak ti bebe ou a

Si tibebe w la pa ka tete ankò, ou kapab eksprime lèt la ak men oswa ponpe epi ba l pa tib oswa nan biberon. Ou kapab itilize lèt donatè tou pou ede tibebe ou a.

Bezwen plis èd? Tanpri tcheke opsyon sipò pou bay tete.

Tanpri aprann plis sou benefis lèt tete pou tibebe ki fèt twò bonè nan videyo ki anba a nan Rezo amelyorasyon kalite perinatal-neonatal (PNQINMA).

Tanpri note ke lèt manman pi bon pou ti bebe ki fèt twò bonè

Kolostrom pou tibebe twò bonè ou

Swen po sou po pou ti bebe twò bonè ou

Fè lèt manman lè tibebe ou fèt twò bonè

Jwenn sipò lè tibebe ou fèt twò bonè