Gen anpil pasyan k ap tann nan Depatman Dijans nou an epi nou okipe anpil nan moman sa a. Si ou menm oswa pitit ou a malad oswa li bezwen swen medikal, men doktè pa bezwen konsilte l imedyatman, randevou an pèsòn oswa telehealth nan menm jou a oswa nan demen yo disponib nan klinik Pedyatri, Swen Prensipal pou Granmoun, Medsin Familyal, ak Medsin pou moun ki aje nou yo. Evite tann ak evite foul moun nan sal dijans la epi rele youn nan klinik sa yo an premye.

Gen yon doktè ki toujou disponib pou reponn kesyon yo nan telefòn lè biwo a fèmen epi w ka kontakte li lè w rele nimewo biwo prensipal ki anba a.

Tanpri rele nou an premye pou maladi ki pa grav ak blesi tankou doulè nan do, lafyèv ki fò, ti reyaksyon alèjik, tous, rim, zòrèy fè mal.

Si nou pa kapab konsilte ou menm oswa pitit ou a, n ap ba ou direksyon pou ale nan yon sant swen dijans ki aksepte asirans ou a epi ki tou pre kote w rete a.

Dènye mizajou, 4 Janvye 2021

Depatman Nimewo telefòn Orè de operasyon
Medsin Familyal 617.414.2080 Lendi – Jedi: 9 a.m. – 8 p.m.
Samdi: 8 a.m. - 12 p.m.
Swen Prensipal Granmoun
Randevou yo disponib fasilman pou nouvo pasyan ak pasyan ki etabli yo
617.414.5951 Lendi, Madi, Jedi: 8 a.m. – 8 p.m.
Mèkredi: 9 a.m. - 8 p.m.
Vandredi: 9 a.m. - 5 p.m.
Pedyatri
Randevou yo disponib fasilman pou pasyan etabli yo
617.414.5946 Lendi – Jedi: 8 a.m. – 8:30 p.m.
Vandredi: 8 a.m. - 5 p.m.
Samdi: 8 a.m. - 12 p.m.
Jeryatrik
Randevou yo disponib fasilman pou nouvo pasyan ak pasyan ki etabli yo
617.414.4639 Lendi – Vandredi: 8 a.m. – 5 p.m.
Yon doktè disponib pou pale avèk ou 24 sou 24, 7 jou sou 7 jou menm lè biwo a fèmen.

Telesante

Jwenn swen eksepsyonèl ak vizit vityèl sou telefòn ou oswa òdinatè w.

Read more

MyChart

Enskri sou MyChart pou pran randevou, pou kominike ak doktè w la, ak plis ankò.

Read more