Aprann epi swiv

Chak defi se yon ti leson gide ki fèt pou pran anviwon 10 minit.

ENPÒTAN : Ou dwe fini Defi 1 an (Mete imèl ou an plas) anvan ou ka fè Defi 2 jiska 7 yo . Si ou deja gen yon adrès imèl, ou ka sote Defi 1 an.

Aprann kijan pou w telechaje aplikasyon an, kreye kont ou, fikse preferans ou yo, epi rekipere enfòmasyon koneksyon w si w bliye yo.
Aprann kijan pou w renouvle medikaman, pran randevou, epi voye mesaj bay ekip swen sante w la.
Aprann kijan pou chanje lang ou nan MyChart epi chwazi kijan ou vle resevwa notifikasyon yo.
Aprann kijan pou w bay oswa jwenn aksè pou jere zafè sante yon manm fanmi w. Ou ka sote sa a si ou pa bezwen aksè kòm reprezantan (proxy).

*Tout imaj yo pwodui pa entèlijans atifisyèl.

Ou bezwen èd kounye a?

Pou asistans ak MyChart, rele BMC MyChart Support nan 844-635-1390 oswa mande anplwaye klinik ou a nan pwochen vizit ou. Pou sipò telesante, rele 617-638-6870 oswa 423-207-4554.

Si ou bezwen èd ak manje, lojman, transpò oswa lòt sèvis sosyal, vizite massthrive.org pou jwenn yon repètwa pwogram ki disponib nan zòn ou an nan plis pase 100 lang, oswa rele 2-1-1 nan nenpòt telefòn pou konekte ak sèvis lokal yo pou manje, abri, elatriye.