Sa ou pral aprann
Nan defi sa a, ou pral aprann kijan pou:
- Telechaje aplikasyon MyChart la.
- Enskri avèk oswa san yon kòd aktivasyon.
- Konfigire otantifikasyon ak de faktè.
- Chwazi lang ou ak fason ou vle resevwa notifikasyon yo.
- Rekipere non itilizatè w oswa modpas si ou bliye yo.
Tout defi yo fèt menm jan.
Premyèman, ou gade kèk videyo epi ou li kèk enstriksyon sou fason pou fè sa ki nesesè pou jere pwòp swen sante ou. Apre sa, ou pratike lè ou ede yon pèsonaj nan yon senaryo. Finalman, ou pral teste nouvo konpetans ou yo pou asire ou ka fè travay yo poukont ou. Ou ka retounen nan nenpòt defi nenpòt lè.
Yo p ap ba ou nòt, epi pa gen limit tan.
Gade epi aprann: Kreye yon kont
There are six steps here to create your MyChart account. If you are on a computer, select each step by clicking on it. If you are on a phone, use the drop down to select each step.
Etap 1: Louvri Play Store (Andwoyid) oubyen App Store (iPhone)
![]()
Etap 2: Fè rechèch "MyChart" Chèche aplikasyon ki gen logo Epic ki gen fòm yon kè (wouj ak blan).
Etap 3: Tape sou Install (Enstale) oswa Get (Telechaje).
Etap 1: Louvri aplikasyon MyChart la.
Etap 2: Li epi aksepte Lisans Itilizatè Final la ak Politik Konfidansyalite a. Apre sa peze Aksede MyChart.
Etap 3: Si ou vle MyChart voye notifikasyon ba ou, peze Kontinye, answit Mwen dakò epi finalman Pèmèt. Nou rekòmande pou w pèmèt notifikasyon yo yon fason pou w pa rate kominikasyon ak rapèl ki enpòtan yo.
Etap 4: Aplikasyon an ap mande w si ou vle MyChart rete aktif epi konekte. Ou ka sote etap sa a pou kounye a. Si ou chwazi Ale nan Paramèt yo , y ap retounen w nan konfigirasyon aplikasyon an apre ou fin chanje paramèt yo.
Etap 5: Aplikasyon an ap mande w si ou vle pataje kote ou ye a. Peze Kontinye, apre sa Mwen dakò, epi chwazi Pandan w ap itilize aplikasyon an. Nou rekòmande pou ou pèmèt paramèt sa a pou aplikasyon an ka detekte lè ou rive nan randevou ou yo.
Etap 1: Peze Chèche yon òganizasyon
Etap 2: Tape “Boston Medical Center” epi chwazi premye rezilta ki parèt la.
Etap 1: Chwazi Sign up (Enskri).

Etap 2A: Si ou gen yon rezime apre vizit (After Visit Summary, AVS) BMC ba ou ki gen yon kòd 15 chif, antre kòd la nan kare yo. Kòd aktivasyon yo ekspire apre 60 jou. Si kòd ou a twò ansyen, rele sèvis sipò BMC MyChart la nan 844-635-1390 pou jwenn yon nouvo kòd.


Etap 2B: Si ou pa gen yon kòd aktivasyon, ou ka enskri avèk enfòmasyon pèsonèl ou.

Etap 3: Antre adrès imèl ou oswa nimewo telefòn ou pou resevwa yon kòd verifikasyon.

Etap 4: W ap resevwa kòd verifikasyon an pa mesaj tèks oswa pa imèl. Lè ou genyen l, antre l nan aplikasyon MyChart la.

Etap 1: Antre enfòmasyon ou yo.

Etap 1: Chwazi yon non itilizatè ou ka sonje fasil. Ou pap ka chanje non itilizatè w la pita.
Etap 2: Kreye yon modpas. Modpas la dwe diferan ak non itilizatè ou an. Tape modpas la ankò pou konfime li.
Etap 3: Tape sou Next (Pwochen).
Si w ta rive bliye non itilizatè w oswa modpas ou, ou pa bezwen rele klinik la. Ou ka rekipere yo sou ekran koneksyon MyChart la lè w peze Ou bliye enfòmasyon pou konekte yo?

Si ou eseye konekte twòp fwa epi yo bloke aksè ou, rele sèvis sipò BMC MyChart la nan 844-635-1390.
Gade epi aprann: Chwazi preferans ou yo.
Once your account is set up, you may wish to change or confirm your language and communication preferences.
MyChart disponib an Anglè ak an Espanyòl. Pou kounye a MyChart pa disponib nan lòt lang.
Etap 1: Apre w fin konekte, tape premye lèt non w ki nan kwen anwo adwat la epi chwazi Chanje lang.
Ou ka kontwole fason ou resevwa notifikasyon nan MyChart lè ou chanje preferans kominikasyon ou yo.
Etap 1: Peze inisyal non ou ki nan kwen anlè adwat la epi chwazi Paramèt kont lan.
Etap 2: Apre sa chwazi Preferans kominikasyon. Nan paramèt yo, ou ka aktive imèl, mesaj tèks, notifikasyon, apèl telefòn, oswa lapòs yo. Ou ka chwazi preferans diferan tou pou diferan kalite mesaj nan seksyon Detay yo. Nou rekòmande pou w aktive alèt pa mesaj tèks konsa ou pap rate rapèl randevou oswa nouvo rezilta tès yo.
Pratik
Nan seksyon sa a, w ap ede yon moun kreye kont MyChart li. Sa a se yon espas ki an sekirite pou pratike. Ou p ap itilize pwòp enfòmasyon pa w, epi ou pa ka domaje anyen.
Ede Elena
Elena ap ede manman li Carmen enskri nan MyChart. Carmen te resevwa yon lèt nan men doktè li ki gen yon kòd aktivasyon ki gen 15 chif. Elena gen tablèt Carmen nan devan l ansanm ak lèt la.
Kesyon 1
Elena te gen rezime konsiltasyon Carmen lan konsènan nouvo randevou li a. Carmen sonje enfimyè a te di li gen yon kòd MyChart nan rezime vizit la, men li pa sonje kote kòd la ye.
Ki kote Elena ta dwe chache pou jwenn kòd la?
Fè li ou menm
Koulye a, kreye kont MyChart sou pwòp telefòn ou. Si ou deja fè kèk nan etap sa yo pandan ou t ap gade, mete yon mak pou montre ou fè yo. Eseye fè nenpòt etap ou poko fè kounye a.
Mwen ka enstale aplikasyon MyChart sou telefòn mwen
Mwen ka kreye yon kont.
Mwen ka konfigire otantifikasyon ak de faktè avèk nimewo telefòn mwen.
Mwen ka chwazi lang mwen prefere a.
Mwen ka aktive notifikasyon pa mesaj tèks yo.
Mwen konnen kisa pou m fè si m bliye modpas mwen an.
Sondaj
Repons ou bay pou kesyon sa yo ap ede nou amelyore Toolkit la pou tout moun.
Ou bezwen èd kounye a?
Pou asistans ak MyChart, rele BMC MyChart Support nan 844-635-1390 oswa mande anplwaye klinik ou a nan pwochen vizit ou. Pou sipò telesante, rele 617-638-6870 oswa 423-207-4554.
Si ou bezwen èd ak manje, lojman, transpò oswa lòt sèvis sosyal, vizite massthrive.org pou jwenn yon repètwa pwogram ki disponib nan zòn ou an nan plis pase 100 lang, oswa rele 2-1-1 nan nenpòt telefòn pou konekte ak sèvis lokal yo pou manje, abri, elatriye.
*Tout imaj yo pwodui pa entèlijans atifisyèl.