Sa ou pral aprann

Nan defi sa a, ou pral aprann kijan pou:

  1. - Chanje lang ou nan MyChart.
  2. Chwazi kijan ou vle resevwa alèt yo (pa mesaj tèks, imèl oswa nan aplikasyon an).
  3. - Mete nimewo telefòn ou oswa adrès imèl ou ajou nan kont ou.

Ou te deja konfigire kèk nan opsyon sa yo nan Defi 2. Defi sa a ba ou yon chans pou w revize yo epi asire w yo konfigire jan ou vle a.

Tout defi yo fèt menm jan.

Premyèman, ou gade kèk videyo epi ou li kèk enstriksyon sou fason pou fè sa ki nesesè pou jere pwòp swen sante ou. Apre sa, ou pratike lè ou ede yon pèsonaj nan yon senaryo. Finalman, ou pral teste nouvo konpetans ou yo pou asire ou ka fè travay yo poukont ou. Ou ka retounen nan nenpòt defi nenpòt lè.

Yo p ap ba ou nòt, epi pa gen limit tan.

Gade epi aprann

Follow the steps here to help you manage your MyChart language and how you receive notifications. If you are on a computer, select each setting by clicking on it. If you are on a phone, use the drop down to select each step.

MyChart disponib an Anglè ak an Espanyòl. Pou kounye a MyChart pa disponib nan lòt lang.

Etap 1: Peze ikòn ki gen premye lèt non w lan ki nan kwen anwo adwat ekran dakèy MyChart la.

Etap 2: Peze chwazi lang, epi chwazi Anglè oswa Panyòl.

Tape bouton jwe a pou kòmanse videyo a

Etap 1: Peze ikòn ki gen premye lèt non w lan nan kwen anwo adwat ekran dakèy MyChart la epi chwazi Paramèt kont.

Etap 2: Anba tit Notifikasyon an peze Preferans kominikasyon.

Tape bouton jwe a pou kòmanse videyo a

Etap 3: Asire w enfòmasyon kontak ou yo kòrèk.

Etap 4: Nan Paramèt jeneral yo, ou ka chwazi ki kalite notifikasyon ou ta renmen resevwa. Yon “notifikasyon” se yon alèt aplikasyon an voye sou telefòn ou lè ou resevwa yon nouvo mesaj. Sa a diferan ak yon mesaj tèks, ki soti nan yon nimewo telefòn BMC.

Etap 5: Nan seksyon Detay yo, ou ka pèsonalize notifikasyon yo selon kalite yo. Pa egzanp, ou ka chwazi resevwa notifikasyon sou telefòn ou pou Randevou men ou pa resevwa notifikasyon pou Kesyonè.

Etap 6: Lè w fè nenpòt mizajou nan Preferans Kominikasyon w yo, asire w ou peze Anrejistre chanjman yo anvan w kite ekran an.

Pratik

Nan seksyon sa a, w ap ede yon pèsonaj jere paramèt kont li. Sa a se yon espas ki an sekirite pou pratike. Ou p ap itilize pwòp enfòmasyon pa w, epi ou pa ka domaje anyen.

Ede Rosa

Rosa ap aprann plis sou fason pou l itilize MyChart, epi li vle chanje kèk paramèt pou l ka adapte l pi byen ak lavi li.

Kesyon 1

Rosa voye yon mesaj bay doktè li, epi li vle asire l li konnen touswiit lè doktè a reponn li. Li ale nan paramèt kont li epi li chwazi Preferans kominikasyon, men li pa fin sèten ki sa pou l fè apre sa pou l aktive notifikasyon sou telefòn li lè li resevwa nouvo mesaj nan MyChart.

Rosa sou ekran preferans kominikasyon MyChart la. Ki kote li dwe peze pou aktive notifikasyon pou mesaj yo?

Kesyon 2

Rosa pale Pòtigè lakay li. Li fèk enskri nan MyChart, men aplikasyon an ap montre tout bagay an anglè. Li vle verifye si li ka chanje lang aplikasyon an pou l itilize yon lang li pi alèz avè l. Li pale yon ti kras Panyòl ak yon ti kras Franse.

Rosa sou ekran dakèy MyChart la. Ki kote li dwe peze pou l jwenn paramèt lang yo?

Fè li ou menm

Tcheke pwòp paramèt MyChart ou yo epi fè mizajou ladan yo pou yo ka byen travay pou ou. Si ou deja chanje kèk paramèt pandan ou t ap gade, mete yon mak pou montre ou fè sa. Eseye fè nenpòt bagay ou poko fè kounye a.

Mwen ka chwazi lang mwen pi pito nan MyChart

Mwen ka verifye nimewo telefòn mwen nan paramèt kont mwen.

Mwen ka aktive alèt pa mesaj tèks yo.

Sondaj

Repons ou bay pou kesyon sa yo ap ede nou amelyore Toolkit la pou tout moun.

Etap yo ak ti videyo yo nan defi sa a te fasil pou swiv.
Ki nivo ou sèten ou ka fè travay ki nan defi sa a poukont ou?

Ou bezwen èd kounye a?

Pou asistans ak MyChart, rele BMC MyChart Support nan 844-635-1390 oswa mande anplwaye klinik ou a nan pwochen vizit ou. Pou sipò telesante, rele 617-638-6870 oswa 423-207-4554.

Si ou bezwen èd ak manje, lojman, transpò oswa lòt sèvis sosyal, vizite massthrive.org pou jwenn yon repètwa pwogram ki disponib nan zòn ou an nan plis pase 100 lang, oswa rele 2-1-1 nan nenpòt telefòn pou konekte ak sèvis lokal yo pou manje, abri, elatriye.

*Tout imaj yo pwodui pa entèlijans atifisyèl.