Sa ou pral aprann
Nan defi sa a, ou pral aprann kijan pou:
- - Jwenn MassThrive atravè MyChart
- - Chèche pwogram avèk kòd postal
- - Li fich yon pwogram epi jwenn enfòmasyon pou kontakte li
- - Rele 2-1-1 pou jwenn plis èd
Tout defi yo fèt menm jan.
Premyèman, ou gade kèk videyo epi ou li kèk enstriksyon sou fason pou fè sa ki nesesè pou jere pwòp swen sante ou. Apre sa, ou pratike lè ou ede yon pèsonaj nan yon senaryo. Finalman, ou pral teste nouvo konpetans ou yo pou asire ou ka fè travay yo poukont ou. Ou ka retounen nan nenpòt defi nenpòt lè.
Yo p ap ba ou nòt, epi pa gen limit tan.
Gade epi aprann
There are four steps here to help you find community resources. If you are on a computer, select each step by clicking on it. If you are on a phone, use the drop down to select each step.
Etap 1: Louvri aplikasyon MyChart la epi peze ikòn meni an.
Etap 2: Chèche MASSTHRIVE Community Resources nan seksyon Resous la.
Sitwèb MassThrive la ouvri nan navigatè telefòn ou an.
Ou kapab ale dirèkteman sou sitwèb la tou lè w tape www.massthrive.org nan navigatè entènèt ou.
Etap 3: Chwazi lang ou prefere a nan meni dewoulan Lang lan.
Etap 1: Sou paj dakèy MassThrive la, ou ka chèche resous selon kategori yo, tankou manje oswa lwaye, epi selon kòd postal la.
Etap 2: Pou chèche sèvis nan zòn kote w rete a, antre kòd postal ou epi peze Search. Yon kòd postal se yon kòd ki gen senk chif ki koresponn ak katye kote w rete a (pa egzanp: 02118 pou katye South End nan Boston).
Etap 3: Chwazi yon kategori, tankou Manje, Lojman oswa Transpò. W ap wè yon kat ki montre resous ki toupre w yo ansanm ak yon lis pwogram ki gen plis enfòmasyon tankou adrès ak nimewo telefòn.
Etap 4: Ou ka rafine rezilta rechèch ou yo lè w itilize filtè yo. Filtè pwogram yo pèmèt ou chwazi fason ou ta renmen kontakte òganizasyon an, lè li ouvè, si sèvis li yo gratis oswa si yo ofri yo a yon pri redwi, ansanm ak lang ou prefere a.
Filtè pèsonèl yo pèmèt ou bay enfòmasyon sou tèt ou pou ede jwenn pwogram ki pi byen koresponn ak bezwen ou yo.
Kritè kalifikasyon ki baze sou revni pèmèt ou jwenn pwogram selon revni ou ak kantite moun ki nan kay ou.
Etap 1: Ou ka wè kèk enfòmasyon sou pwogram yo nan rezilta rechèch yo. Pou wè plis detay, peze sou non pwogram nan. Li deskripsyon pwogram nan pou w wè ki kalite èd li ofri. Desann pou w jwenn nimewo telefòn, adrès, ak lè ouvèti yo.
Etap 2: Si w vle kontakte pwogram nan sou sitwèb la, peze sou Contact Program. Chwazi si w ap chèche èd pou tèt ou oswa pou yon lòt moun. Apre sa, antre enfòmasyon w yo epi soumèt fòm nan.
Pou rele yon pwogram ou jwenn: tape sou nimewo telefòn ki nan fich pwogram nan. Telefòn ou ap ouvri ekran pou konpoze nimewo a.

Pou jwenn plis èd pou chèche resous, konpoze 2-1-1 sou telefòn ou. Yon moun ap ka ede ou jwenn sa ou bezwen. Ou ka anrejistre 2-1-1 nan kontak telefòn ou pou ou toujou genyen li.

Pratik
Nan seksyon sa a, w ap ede yon pèsonaj jwenn yon resous nan kominote a. Sa a se yon espas ki an sekirite pou pratike. Ou p ap itilize pwòp enfòmasyon pa w, epi ou pa ka domaje anyen.
Ede Marcus
Marcus ap chèche èd alimantè. Li konnen li ka itilize MassThrive pou jwenn èd, men li pa sonje kijan pou l chèche resous ki toupre lakay li.
Kesyon 1
Ki kote Marcus ta dwe peze an premye pou l chèche resous ki toupre lakay li?
Kesyon 2
Ki fason Marcus ka jwenn resous pou bagay tankou manje ak lwaye? Chwazi tout repons ki aplikab yo.
A) Ale sou sitwèb MassThrive la.
Kòrèk! Marcus ka ale sou sit entènèt MassThrive a nenpòt ki lè pou l jwenn resous.
B) Rele 211.
Kòrèk! Si Marcus vle pale ak yon moun konsènan resous, li ka konpoze 211.
C) Ale nan seksyon Resous yo nan meni MyChart li a.
Kòrèk! Marcus ka jwenn aksè ak MassThrive ansanm ak lòt resous ki gen rapò ak sante nan MyChart.
Kesyon 2
Marcus te tape nimewo telefòn nan sou yon kat pwogram. Ki sa ki pral pase apre sa?
A) Marcus pral dekonekte nan aplikasyon an.
Se pa egzakteman sa. Marcus pap dekonekte. Lè ou tape sou yon nimewo telefòn, sa ouvri ekran pou konpoze nimewo a. Li ka ale tounen nan MassThrive apre apèl la.
B) Ekran telefòn nan pou konpoze nimewo a ap ouvri avèk nimewo a pare pou rele.
Se sa! Sou yon telefòn entelijan, lè w tape sou yon nimewo telefòn, ekran pou konpoze nimewo a ap louvri. Marcus jis bezwen tape bouton vèt la pou l konekte.
C) Li bezwen jwenn yon lòt telefòn pou fè apèl la.
Se pa egzakteman sa. Marcus pa bezwen yon lòt telefòn. Lè li tape sou nimewo a, telefòn li ap ouvri ekran pou konpoze nimewo a pou li ka rele touswit.
Fè li ou menm
Eseye fè sa poukont ou! Jwenn yon resous kominotè nan zòn kote w ap viv la. Si ou te deja fè rechèch sou MassThrive pandan w t ap fè aktivite sa a, make etap sa yo kòm fini tou.
Mwen ka jwenn lyen ki mennen sou sit entènèt MassThrive la nan MyChart.
Mwen ka chanje lang sitwèb MassThrive la.
Mwen ka chèche resous ki toupre mwen.
Mwen ka jwenn enfòmasyon pou kontakte òganizasyon ki ka ede m yo.
Mwen ka rele 211 pou m pale ak yon moun sou fason pou m jwenn èd.
Sondaj
Repons ou bay pou kesyon sa yo ap ede nou amelyore Toolkit la pou tout moun.
Ou bezwen èd kounye a?
Pou asistans ak MyChart, rele BMC MyChart Support nan 844-635-1390 oswa mande anplwaye klinik ou a nan pwochen vizit ou. Pou sipò telesante, rele 617-638-6870 oswa 423-207-4554.
Si ou bezwen èd ak manje, lojman, transpò oswa lòt sèvis sosyal, vizite massthrive.org pou jwenn yon repètwa pwogram ki disponib nan zòn ou an nan plis pase 100 lang, oswa rele 2-1-1 nan nenpòt telefòn pou konekte ak sèvis lokal yo pou manje, abri, elatriye.
*Tout imaj yo pwodui pa entèlijans atifisyèl.