Haitian Creole 

Transcript

Eklanmsi se you pwoblem sante ki grav kote ou ka fe tansyion nan gwoses ou

Eklanmsi ka fe ni ou menm ni ti bebe ou a soufri anpil

Pi bone nou konnen ou fe Eklanmsi, se pi bone lap pemet nou travay ak ekip medikal nou pou ede ou menm ak bebe a.

Pi gwo tretman pou atak eklanmsi se akouchman. Sa ka koze ou akouche pi bone ke ou te espere, epi sa ka fe yo deklanche akouchman ak medikaman, ou ka menm bezwen fe sezaryen

Fanm ansent ras nwa yo pi fasil pou fe atak eklanmsi ke lot nasyon yo.

Racist ak tout consekans li yo kontribye nan konplikasyon sa a pi plis pase byoloji ak jenetik

Nan Boston Medical Center, sou chak 10 fanm ansent gen youn nan yo ki fe Eklanmsi

Gen ou gwo chans pou fe Eklanmsi na premye pitit ou, siw ou fe tansyon nan ou lot gwoses ou byen ou gen lot pwoblem sante.

Ou ka santi kek siy Eklanmsi konsa tou ou ka pa santi anyen.  Di moune wap swiv la siw gen gwo tet femal epi malgre ou pran medikaman ou pa santiw solaje, ou suspek ou gen pwoblem vizion, ou we nwa ou bien ou we ti kout ekle, oubyen ou gen doule nan pati dwat lestomak ou.  Tout sa youse posiblite pou devlope Eklanmsi byen vit, sa vle di, li enpotan pou pran anpil prekosyon ak setom sa yo.

Siw pa pran sa atan, ou kapab soufri ak ou gwo Eklanmsi ki ka baw malkadi, li ka kokobew, li ka domaje ren ou, li ka baw pwoblem nan plasenta ou, li ka fe bebe a manke devlope, oubyen bebe a ka fet tou mouri.

Toujou pran swen tet ou ak bebe a pou nou sa rete an sante

Ale nan tout randevou medikal ou pandan ou ansent la

Toujou kontwole tansyon ou nan klinik la oubyen lakay ou.

Rele klinik wap swiv la si ou ta santi nenpot siy eklanmsi

Pale ak moune wap swiv la sou zafe aspirin pandan gwoses la, sa ka redwi nan posiblite pou fe Eklanmsia 60 pousan

se ou menm ki pi gwo soignan ko ou, si ou ta fe atak Eklanmsi, nou la pou de ou pou kabap pase ou bon gwoses epi pou ka be you bon akouchman san difikilte