Enfòmasyon sou COVID-19
Nou konnen ou ka toujou gen anpil kesyon sou COVID-19 lan. BMC la pou ede ou! Nou swete ou pral itilize enfòmasyon ki anba la yo pou pran desizyon sou zafè pran vaksen, fè tès, epi swen kont COVID-19, epi kontinye pran mezi pou pwoteje ni tèt ou ansanm ak lòt moun toutotan gen posibilite a.
Select your language:
Vaksen
Vaksen yo se pi bon mwayen ki genyen pou pwoteje tèt ou kont COVID-19 lan. Jodia la menm, ou kapab pran ni premye, ni dezyèm, ni dòz rapèl ou an nan BMC.
Tès
Genyen anpil opsyon ki egziste pou fè tès COVID-19 lan. Chèche plis enfòmasyon sou chak kategori epi ki fason epi nan ki moman pou fè tès la.
Tretman ak Swen
Si ou gen COVID-19, BMC kapab ede w resevwa tretman ak swen ou gen bezwen yo pou retounen anfòm ankò.
Resous
Pandemi sa a se te yon moman difisil. BMC la pou ede ou pran swen sante mantal, sosyal, ak byennèt fizik ou.