Ki kote mwen dwe ale si mwen bezwen swen ijans?

Gen randevou an pèsòn oswa telesante ki disponib menm jou an oswa nan demen nan BMC pou nouvo ak pasyan yo konfime nan Pedyatri, Swen Prensipal pou Granmoun, Swen pou Granmoun Aje yo, ak Medisin pou Fanmi. Tanpri evite ale nan sal ijans epi rele nou avan pou ti maladi ak blesi ki pa grav yo tankou ti fyèv, tous, zòrèy fè mal:

  • Swen Prensipal pou Granmoun: 617-414-5951
  • Medsin pou Fanmi: 617-414-2080
  • Pedyatri: 617-414-5946
  • Swen pou Granmoun Aje: 617-414-4639

Pou jwenn plis sou BMC.org

Rapèl: Ou kapab voye kesyon medikal ki pa ijan yo bay doktè ou an sou MyChart. Kreye kont ou jodi a.

Èske mwen dwe pran yon rapèl vaksen kont COVID-19 lan? Kiès ki kalifye?

Kounya la rapèl vaksen kont COVID-19 yo disponib pou timoun ki genyen ant 12 pou rive 15 lane yo. Timoun ki nan laj sa yo kapab planifye randevou rapèl yo nan biwo vaksinasyon kominotè BMC yo, prezante sou plas. Paran oswa Responsab Legal la oblije bay konsantman li pou tout timoun ki gen mwens pase 18 lane.

Nou rekòmande pou tout mou ki gen plis pase 12 dwe pran yon dòz rapèl vaksen si yo pran:

  • De (2) dòz vaksen Pfizer an oswa Moderna a omwen senk (5) mwa
  • Yon (1) dòz vaksen Johnson & Johnson (J&J) omwen de (2) mwa

Èske mwen kapab genyen yon vèsyon elektwonik kat vaksinasyon mwen an?

Si w genyen aplikasyon MyChart lan sou telefòn entèlijan ou an, ou kapab telechaje achiv vaksinasyon kont COVID-19 ou an sou bous elektwonik sante ou an oswa sou lòt aplikasyon. Men ki jan pou ou fè sa:

  • Louvri aplikasyon MyChart lan epi konekte sou kont ou an. Nan ekran akèy ou an, klike sou kòd QR ki anwo nan kwenn agòch ekran ou an.
  • Desann jis anba paj COVID-19 lan epi klike sou "Telechaje/Ekspòte." W ap wè de (2) opsyon ki pèmèt pataj lan fèt: “Telechaje antanke PDF" oswa "Ekspòte sou Bous Elektwonik Sante a." Pou ajoute li sou Bous Elektwonik Sante ou an, klike sou dezyèm opsyon an.
  • Twa (3) paj ki bay enfòmasyon pral parèt k ap eksplike Bous Elektwonik lan. Nan dènye paj lan, klike sou bouton vèt lan "Export".
  • Lè w ap ekspòte, gen yon ba ki pral parèt ansanm ak opsyon yo. Itilizatè iPhone yo dwe klike sou ikòn aplikasyon Health Wallet lan (Bous Elektwonik Sante) (kare blan an ki gen kè ladan li a). Itilizatè Android yo dwe Klike sou aplikasyon kote yo vle konsève kat yo an.
  • Pou Bous Elektwonik Sante a, klike sou "Ajoute sou Bous Elektwonik ak Sante" ki anba ekran an. Apresa yo pral ajoute vaksen ou yo.

Ki kalite mask mwen dwe mete kounya la?

Varyan Omicron an kontajye anpil, epi nou ankouraje w mete yon mask chirijikal nan espas piblik ki fèmen yo chak fwa sa posib. Sepandan, ou kapab mete tout kalite mask olye ou pa mete ditou.

Lè w vini nan BMC, yo pral ba ou yon mask chirijikal pou w mete. Yo mande pou tout pasyan, vizitè, ak manm ekip lan mete yon mask chirijikal nan tout bilding kanpis lan. Tanpri mete mask sa a ni sou nen ou ak bouch ou pandan toutan yo (sof si doktè ou an ki mande w retire li), pou ede kenbe tout moun an sekirite.

Si mwen teste pozitif pou COVID-19 lakay mwen, èske mwen bezwen yon tès PCR pou konfime?

Non. Fo pozitif yo ra, kidonk si w teste pozitif nan yon tès ou fè lakay ou, ou dwe pran responsabilite ou gen COVID-19. Rete lakay ou epi izole. Tanpri pa vin fè yon lòt tès pou konfime yon tès ou fè lakay ou ki pozitif.

Pou jwenn plis enfòmasyon sou tès COVID-19 lan.

Mwen te teste negatif pou COVID-19 lakay mwen men mwen te ekspoze COVID-19 oswa mwen gen sentòm COVID-19. Kisa pou mwen fè?

Si ou teste negatif men ou te ekspoze COVID-19, ou ka bezwen mete an karantèn. Kounye a, ou pa bezwen mete an karantèn si w ap pran vaksen yo oswa si w te gen COVID-19 nan dènye 90 jou yo. Aprann plis sou kilè pou mete karantèn ak sa sa vle di sou sitwèb Sant Kontwòl Maladi.

Si w gen sentòm COVID-19 men tès negatif ak yon tès lakay ou, ou ta dwe fè yon tès PCR oswa teste tèt ou lakay ou kèk jou apre premye tès negatif la.

Konbyen tan sa ap pran pou m jwenn rezilta tès COVID-19 mwen an nan men BMC?

Akòz kantite tès k ap fèt yo, delè aktyèl pou nou voye rezilta yo se apeprè 72 èdtan. Y ap voye rezilta yo atravè MyChart lè yo pare. Tanpri pa rele BMC pou mande rezilta tès COVID-19 ou yo.

Tout tès BMC COVID-19 yo se tès PCR. Nou pa ofri tès rapid, menm nan Depatman Dijans lan. Se pasyan sèlman ki ka fè tès nan BMC.

Èske BMC fè tretman abaz antikò monoklonal pou COVID-19 lan?

Nan BMC yo fè tretman abaz antikò mooklonal yo sou yon kantite ki piti anpil. Yo bay pasyan ki gen sistèm iminitè yo ki fèb anpil yo priyorite. Si ou panse ou kapab kalifye pou resevwa tretman abaz antikò monoklonal, tanpri chita pale ansanm ak doktè ou an.

Akòz tout demann ki genyen yo, ou pa kapab vin di ou bezwen fè tretman abaz antikò, epi nou pa kapab rele tout pasyan doktè bay yo referans pou fè tretman abaz antikò.