Gen anpil pasyan k ap tann nan sèvis ijans nou an epi nou okipe anpil nan moman sa a. Si ou menm oswa pitit ou malad epi li bezwen swen medikal men li pa gen yon ijans ki menase lavi l, l ap pi bon pou nou evite yon vizit nan sal ijans la. Nou gen randevou an pèsòn oswa telesante menm jou oswa nan pwochen jou a ki disponib pou pasyan Pedyatri, Medsin Entèn, Geryatri (medsin pou moun ki aje) ak Medsin Familyal nou yo.

Tanpri rele nou an premye pou maladi minè ak blesi tankou doulè nan do, lafyèv ki ba, ti reyaksyon alèjik, tous, rim, mal zòrèy:

Medsin Entèn: 617-414-5951

Medsin pou Fanmi: 617-414-2080

Pedyatri: 617-414-5946

Medsin pou moun ki aje: 617-414-4639

Pa bliye: Ou ka voye mesaj bay doktè ki konn ba w premye swen an sou kesyon medikal jeneral ki pa ijan lè w enskri nan MyChart. Kreye kont ou jodi a.

Tès COVID-19

BMC ap bay tès COVID-19 la pou pasyan BMC yo selon limit li tabli pou sa, nan Bilding Crosstown nou an (801 Mass Ave), Lendi pou rive Vandredi, apati 8è di maten pou 3è 30 nan apremidi. Tanpri sonje se sila ki rive anvan yo k ap jwenn sèvis an premye epi kòm tès sa yo ap fèt nan tout Eta a, ou pral tann anpil. W ap kapab jwenn rezilta tès la nan 72 èdtan.

Tanpri sonje BMC pa ofri ni vann tès COVID-19 rapid yo nan moman an epi Depatman Ijans nou an pa ofri tès COVID-19 nonplis.

Si ou gen pitit ki gen sentòm COVID-19, rele pedyat yo pou yo ka fè tès la. Se pasyan sèlman ki ka fè tès nan BMC. Si ou pa yon pasyan pou lòt kategori tès, tanpri vizite yon sit pou tès Eta a oswa youn ki lokal, oubyen itilize yon tès ou ka fè lakay ou si genyen ki disponib.

Planifye pou pran Vaksen oswa Boustè COVID-19 Ou Jodi a

Nan dat Samdi k ap 8 Janvye apati 9è nan maten rive midi 30, Depatman Pedyatri nou an ap resevwa yon klinik vaksen pou timoun ki bezwen resevwa vaksen COVID-19, grip oswa ki anreta pou pran lòt vaksen nan 850 Harrison Ave, Yawkey Building, 6èm etaj.  Nou ankouraje w pran randevou - Tanpri rele 617-414-5946 pou pran yon randevou. Ou ka jwenn plis enfòmasyon isit la.

Nou kontinye ofri vaksen COVID-19 la sou randevou Lendi – Samdi sou kanpis nou an nan South End ak nan sit vaksinasyon kominotè nou yo nan Dorchester ak Mattapan. Planifye depi jodia.

Kesyon sou Varyan Omicron an

Nou konnen ou ka gen kesyon sou nouvo varyan Omicron an. Nou konnen varyan sa a gaye byen vit, kidonk li vin pi enpòtan toujou pou w mete mask nan espas piblik andedan kay yo epi pran vaksen an si w poko fè sa oswa pou w pran vaksen rapèl ou si w te deja pran vaksen an. Tanpri vizite Kesyon Moun Poze Souvan ke nou mete ajou yo pou plis enfòmasyon detaye.

Mizajou Règleman Vizitè yo

Nou ap mete restriksyon sou kèk vizitè nan moman sa a. Tanpri vizite sit entènèt nou an pou plis enfòmasyon.