Ki sa ki Polyhydramnios (twòp likid amniyotik)?
Polyhydramnios vle di gen plis likid amniyotik (dlo) pase sa ki dwe genyen bò kote tibebe ou a.
Tibebe ou antoure ak likid amniotik pandan gwosès la. Yon kantite likid ki an sante pwoteje epi sipòte tibebe a, men twòp likid pafwa ka yon siy pwoblèm gwosès oswa pwoblèm sante.
Konbyen komen Polyhydramnios?
Polyhydramnios pa twò komen:
- Li rive nan anviwon yon pousan nan gwosès.
- Li ka akòz pwoblèm sante anvan oswa pandan gwosès la.
Kijan mwen ap konnen si mwen gen polyhydramnios?
Yo pral mezire likid amniyotik ou pandan yon ltrason, epi n ap di ou si li twò wo.
Si ou ansent oswa ou gen lòt pwoblèm sante, yo ka mezire likid ou pi souvan.
Ki siy ki montre Polyhydramnios?
Anpil moun p ap remake okenn siy. Si ou gen siy yo, yo ka gen ladan yo:
- Ou ka santi vant ou trè gwo oswa li ap grandi vit.
- Ou ka santi plis sere nan vant ou.
- Founisè ou ka remake vant ou ap mezire pi gwo pase sa yo te prevwa.
Kisa k ap rive si ou gen polyhydramnios?
Ou ka bezwen plis ultrason ak siveyans fèmen pandan gwosès la.
Pafwa nivo likid ou yo ap vin nòmal pou kont yo. Men, si likid ou a wo anpil, nou ka rekòmande yon tretman oswa pwovoke travay akouchman.
Kisa mwen ta dwe fè si yo di mwen gen polyhydramnios?
Sa ka sonnen mangon, men anpil moun ki gen polyhydramnios gen gwosès ak tibebe ki an sante. Tanpri poze kesyon pou aprann sa ki pi bon pou ou menm ak tibebe ou.