Wè oswa chanje kat asirans ou

Ou kapab wè yon kopi elektwonik kat asirans ou nan MyChart. Sa itil si ou bliye kat fizik ou oswa ou bezwen nimewo idantifikasyon manm ou.

Remak: Se pa tout plan asirans ki disponib sou fòm dijital. Si ou pa wè kat ou, kontakte konpayi asirans ou oswa mande nan resepsyon an.

Etap 1: Konekte nan kont MyChart ou

Etap 2: Nan kwen anlè agoch ekran an, klike sou ikòn Main Menu (Meni prensipal) la (ikòn ki gen twa liy orizontal la).

Etap 3: Desann nan meni an pou jwenn Insurance Summary (Rezime asirans). Ou ka sèvi ak ba rechèch la tou epi antre "Insurance Summary (Rezime asirans)."

Etap 4: Chwazi Insurance Summary (Rezime asirans) pou wè enfòmasyon aktyèl sou asirans ou ak kat asirans ou.

Etap 5: Si ou gen nouvo enfòmasyon sou asirans ou, ou ka mete yo ajou nan seksyon sa a.

Etap 6: Pou ajoute yon nouvo plan asirans, chwazi Add Insurance Card Photos (Ajoute foto kat asirans) epi voye foto klè devan ak dèyè kat asirans ou.

Etap 7: Swiv sa yo mande ou fè yo pou soumèt enfòmasyon yo.

Nan seksyon Insurance Summary (Rezime asirans) lan, ou ka gen opsyon tou pou mete enfòmasyon sou kouvèti asirans ou ajou oswa retire yon kouvèti asirans ki pa aktif ankò.

Konsèy: Anrejistre yon foto kat asirans ou sou telefòn ou pou w toujou genyen li pare lè ou vizite yon nouvo doktè oswa al pran yon medikaman sou preskripsyon.

Peye fakti ou

Sèvi ak sa lè ou resevwa yon fakti nan men klinik ou epi ou vle peye li avèk telefòn ou oswa òdinatè ou.

Etap 1: Tape sou Billing (Faktirasyon) > Pay Now (Peye kounye a).

Etap 2: Antre detay peman ou epi tape sou Confirm (Konfime).