Mete enfòmasyon pèsonèl ou ajou
Nan seksyon sa a, ou ka mete adrès ou ak enfòmasyon kontak ou ajou, tankou adrès imèl ou, nimewo telefòn selilè ou ak nimewo telefòn lakay ou. Nan Details About Me (Detay sou mwen), ou ka mete non ou prefere a, ras ou, orijin etnik ou, lang ou prefere a ak lòt enfòmasyon pèsonèl ajou. Ou ka verifye epi mete kontak ijans ou yo ajou tou pou asire enfòmasyon ou yo ajou epi yo kòrèk.
Si ou chanje adrès imèl ou, ou bezwen fè mizajou nan MyChart pou ou ka kontinye ap resevwa mesaj enpòtan epi verifye kont ou si ou bliye modpas ou.
Etap 1: Ale nan Menu (Meni), epi nan Account Settings (Paramèt kont), epi tape sou Personal Information (Enfòmasyon pèsonèl).
Etap 2: Tape sou chan Email (Imèl) la, antre nouvo adrès ou, epi konfime chanjman an avèk modpas aktyèl ou.