Jwenn rezilta egzamen ou yo

Jwenn rezilta tès san, analiz laboratwa ak lòt egzamen medikal yo. Anjeneral, ou ka wè rezilta yo depi yo pare — ou pa bezwen tann yon apèl telefòn nan men doktè ou.

Rezilta ou yo ap montre si chak valè nòmal oswa pa nòmal. Vèt vle di nòmal. Jòn oswa wouj vle di yon bagay ka bezwen atansyon. Si ou gen kesyon sou yon rezilta, rele biwo founisè w la. Ou ka voye yon mesaj bay doktè w la tou (gade "Voye yon mesaj sekirize").

Etap 1: Ale nan Test Results (Rezilta egzamen) epi chwazi rezilta ou vle wè a.

Etap 2: Tape sou View Details (Wè detay) pou jwenn detay ak yon eksplikasyon senp sou rezilta yo.

Etap 3: Peze yon valè espesifik pou w wè analiz li ak plis enfòmasyon. Si ou gen yon kesyon sou rezilta a, rele founisè swen sante w la. Ou ka peze Ask a question (Poze yon kesyon) tou pou voye yon mesaj bay doktè w la sou tès sa a.

Tape bouton jwe a pou kòmanse videyo a

Si ou gen kesyon sou notifikasyon ou yo