Kamera a pa mache sou iPhone
Si w tape ikòn kamera men li pa fonksyone, ou ka bezwen tcheke paramèt telefòn nan pou asire w ke MyChart ka itilize kamera ou.
Etap 1: Ale nan Settings (Paramèt) > Privacy & Security (Konfidansyalite ak sekirite) > Camera (Kamera) sou aparèy ou.
Etap 2: Asire w ke MyChart la ouvè (li ta dwe vèt)
Kamera a pa mache sou Android
Si lè ou tape ikòn kamera a li pa mache, tcheke paramèt telefòn ou. Kote pou w gade a depann de kijan ou te antre nan vizit la.
Si ou te antre apati aplikasyon MyChart la:
Etap 1: Ale nan Settings (Paramèt) > Apps (Aplikasyon) > MyChart > Permissions (Otorizasyon).
Etap 2: Peze Camera (Kamera) epi chwazi Allow only while using the app (Pèmèt sèlman pandan w ap itilize aplikasyon an).
Si ou te antre apati yon lyen nan yon tèks oswa yon imèl:
Etap 1: Ale nan Settings (Paramèt) > Apps (Aplikasyon) > Chrome > Permissions (Otorizasyon).
Etap 2: Peze Camera (Kamera) epi chwazi Allow only while using the app (Pèmèt sèlman pandan w ap itilize aplikasyon an).
Mikwofòn pa mache
Si doktè ou di li pa ka tande ou, verifye ikòn mikwofòn nan anba ekran videyo a. Si gen yon liy ki bare ikòn mikwofòn nan, son ou dezaktive. Tape ikòn mikwofòn la yon fwa pou aktive l.

Si sa pa rezoud pwoblèm nan, swiv etap kamera ki anwo yo pou telefòn ou, men chèche Microphone (Mikwofòn) olye de Camera (Kamera).
Pwoblèm koneksyon
Si konsiltasyon pa videyo ou a sispann mache, eseye etap sa yo pou retounen nan apèl ou a.
Etap 1: Si koneksyon an ta koupe pandan vizit, fèmen aplikasyon epi tcheke koneksyon Wi-Fi oswa done. Gade ikòn Wi-Fi nan tèt ekran telefòn ou. Si ou pa wè li, ou ka pa konekte sou entènèt.
Etap 2: Re-antre nan sal datant la soti nan MyChart
Move sal datant
Si ou wè yon non pasyan oswa yon non doktè ki pa bon sou ekran an, ou ka nan move sal datant lan. Sa ka rive si ou jere dosye pou yon timoun oswa yon paran (aksè kòm reprezantan) epi ou antre nan konsiltasyon an pandan ou konekte nan kont move moun nan.
Etap 1: Si yo mete w nan move sal datant, fèmen MyChart.
Etap 2: Verifye ou konekte nan bon pwofil ou a. Non an anlè ekran an montre kont ki moun ou ap itilize.

Etap 3: Si ou nan move kont lan, tape sou bon non an, epi eseye antre nan konsiltasyon ou ankò.