Pataje dosye w yo ak yon doktè andeyò BMC
Fonksyon sa a rele Share Everywhere. Li pèmèt ou bay yon kòd tanporè, ki ka itilize yon sèl fwa bay yon doktè ki pa nan BMC — tankou yon espesyalis, dantis oswa terapis fizik — pou yo ka wè dosye sante w pou yon ti tan.
Etap 1: Ale nan Sharing Hub (Sant pataj) > Share My Record (Pataje dosye mwen).
Etap 2: Antre non moun ki pral wè dosye ou a. MyChart pral kreye yon kòd pataje ki ka itilize yon sèl-fwa.
Etap 3: Bay doktè ki pa nan BMC a kòd la ak dat nesans ou. Y'ap ale nan shareeverywhere.com pou wè dosye ou.
Telechaje dosye vaksinasyon pitit ou
Si ou bezwen yon kopi dosye vaksinasyon pitit ou a (pa egzanp, pou lekòl), ou ka telechaje l nan MyChart.
Etap 1: Ale nan Sharing Hub (Sant pataj) > Download School Health Summary (Telechaje rezime sante pou lekòl).
Etap 2: koche kaz konfirmasyon epi apiye sou Mande Telechaje.