Mande yon renouvèlman medikaman
Enpòtan: Ou ka sèlman mande renouvèlman atravè MyChart pou preskripsyon yon famasi ki konekte ak BMC ranpli (tankou BMC Shapiro Pharmacy). Si preskripsyon w la nan yon famasi andeyò rezo a (tankou CVS oswa Walgreens), kontakte famasi sa a dirèkteman.
Etap 1: Sou ekran akèy la, tape sou kare Medications (Medikaman) an.

Etap 2: Chèche medikaman ou bezwen an epi tape sou Request Refill (Mande renouvèlman).
Etap 3: Asire w medikaman ou vle renouvle a chwazi. Ou ka chwazi lòt medikaman sou ekran sa a tou.
Etap 4: Ekri nenpòt kòmantè ou vle founisè swen sante w la wè.
Etap 5: Asire w se bon famasi a ki chwazi, epi tape sou Next (Pwochen). Sou pwochen ekran an, tape sou Submit (Soumèt).
Mete famasi ou ajou
Etap 1: Ale nan meni prensipal Medications (Medikaman) an.
Etap 2: Anlè ekran an, klike sou Need to update your list of pharmacies? (Ou bezwen mete lis famasi ou yo ajou?) Ale nan Manage My Pharmacies (Jere famasi mwen yo).
Etap 3: Klike sou Add a Pharmacy (Ajoute yon famasi).
Etap 4: Chèche famasi ou prefere a lè ou antre non li.
Etap 5: Chwazi famasi a epi klike sou Add (Ajoute).
Apre ou fin ajoute famasi ou prefere a, retounen nan demann renouvèlman medikaman an epi rekòmanse pwosesis la. Famasi ou fèk ajoute a ap parèt kòm yon opsyon. Verifye demann ou an epi klike sou Submit (Soumèt) pou voye li bay founisè swen sante ou pou apwobasyon.