Depatman Sèvis Entèprèt nan Boston Medical Center  se youn nan pi ansyen pwogram sèvis entèprèt nan New England. Depatman nou an travay pou asire yon kominikasyon efikas ant anplwaye nou y oak pasyan yo epi nou founi pasyan yo ak fanmi yo entèpretasyon medikal kalifye ki vle resevwa enfòmasyon sous wen sante nan yon lang ki pa angle.  Ladann gen Lang Ameriken an Siy ak entèprèt ki sètifye pou mou Soud.

Entèprèt yo disponib  gratis, 24 èdtan pa jou,  sèt jou pa semèn. 

Entèprèt yo disponib an pèsòn, pa telefòn ak videyo pou asire aksè a plis pase 150 lang  popilasyon pasyan nou an pale.  Teknoloji nou an bay aksè a entèprèt  Lang Ameriken an Siy 24sou24 7sou 7.

Pou pasyan ki soud ak pasyan ki tande di, nou gen TTY ak aparèy pou ede tande  ki disponib sou demand . 

Nou mande pou pasyan yo pa mennen okenn moun pou entèprete pou yo oswa itilize manm fanmi yo pou entèpretasyon medikal

Enfòmasyon Biwo’a:

De Lendi a  Vandredi  8:30maten rive 5:00apre midi

Yawkey Building
850 Harrison Av
Sousòl (basement), Sal(room)  BN-38
Boston, MA 02118

Pou plis enfòmasyon, rele Depatman Sèvis Entèprèt la nan 617-414-5549