Mizajou Règleman sou Nondiskriminasyon

Sistèm Sante Boston Medical Center a konfòm ak lwa sou dwa sivil federal ki aplikab yo epi li pa fè diskriminasyon sou baz laj, ras, koulè, orijin nasyonal (ki gen ladan konpetans limite nan lang angle ak lang prensipal), relijyon, kilti, andikap fizik oswa mantal, estati sosyo-ekonomik, sèks, oryantasyon seksyèl ak idantite seksyèl ak / oswa ekspresyon. BMCHS bay èd ak sèvis gratis pou moun ki gen andikap ak sèvis lang gratis bay moun ki gen lang prensipal ki pa angle.

Pou li li DEKLARASYON KI PA DISKRIMINASYON nou an konplè, klike isit la.

Pwogram Ematoloji ak Onkoloji sant medikal boston ofri tòp teknoloji Evalyasyon, dyagnostik, tretman maladi san. Anomali jenetik nan san an, tankou maladi drepanositoz, se fokis prensipal pwogram nan, men li bay tou evalyasyon ak swen kontinyèl pou timoun ak adolesan ki gen yon varyete maladi san ak "maladi òfelen" yo. Doktè yo disponib tou pou bay dezyèm opinyon an rapò ak "leukemia" oswa lòt kansè nan timoun.

Fokis prensipal pwogram nan se sou timoun ki gen maladi san ereditè yo, men li bay evalyasyon ak swen kontinyèl tou pou pasyan ki gen yon pakèt maladi adisyonèl ki afekte selil blan san, plakèt ak mwèl zo. 

Timoun ki dyagnostike ak maladi san yo jwenn swen nan men ematològ - doktè ki vin espesyalis nan san ak maladi ki gen rapò ak sa yo. Nan Boston Medical Center, kèk nan maladi yo ak malfonksyonman nou trete yo enkli:

  • Anemi Drepanositoz ak maladi ki an rapò yo
  • Talasemi, yon enbalans asid amine
  • Anemi ki gen rapò ak nitrisyon
  • Defo Kòagilasyon (senyen ak maladi blokaj), tankou emofili ak maladi "von Willebrand"
  • Maladi plakèt yo
  • Maladi selil blan yo
  • Maladi istiyositè
  • Maladi otoiminitè ki afekte san an

Jèn pasyan yo resevwa swen eksepsyonèl, swen konpasyon nan men ekspè yo, nan men ekip doktè an plis yo, nan men yon koòdonatè enfimyè klinik, nan men yon travayè sosyal ak yon espesyalis klinik lavi timoun , tout resous kle pou pasyan ak fanmi yo.