  ## Wè epi telechaje rezime apre konsiltasyon ou

Rezime konsiltasyon an se yon nòt doktè ou ekri touswit apre randevou ou. Li di ou sa ou menm ak doktè ou te pale sou li, pwochen etap pou ou swiv yo ak medikaman pou ou pran yo. Ou ka wè nòt konsiltasyon doktè ou tou si li pataje yo avèk ou.

**Etap 1:** Ale nan Visits (Konsiltasyon) epi chwazi yon randevou ki pase.

**Etap 2:** Peze View After Visit Summary (Wè rezime apre konsiltasyon) pou li rezime founisè swen sante ou te ekri a. Ou ka peze View clinical notes (Wè nòt klinik) tou si doktè ou pataje nòt li yo avèk ou.

**Etap 3:** Sou ekran rezime a, tape sou ikòn Download (Telechaje) a (li sanble ak yon flèch ki pwente anba) pou anrejistre yon kopi rezime apre konsiltasyon ou sou aparèy ou.