  ## Pataje dosye w yo ak yon doktè andeyò BMC

Fonksyon sa a rele Share Everywhere. Li pèmèt ou bay yon kòd tanporè, ki ka itilize yon sèl fwa bay yon doktè ki pa nan BMC — tankou yon espesyalis, dantis oswa terapis fizik — pou yo ka wè dosye sante w pou yon ti tan.

**Etap 1:** Ale nan Sharing Hub (Sant pataj) &gt; Share My Record (Pataje dosye mwen).

**Etap 2:** Antre non moun ki pral wè dosye ou a. MyChart pral kreye yon kòd pataje ki ka itilize yon sèl-fwa.

**Etap 3:** Bay doktè ki pa nan BMC a kòd la ak dat nesans ou. Y'ap ale nan shareeverywhere.com pou wè dosye ou.



 

 ## Telechaje dosye vaksinasyon pitit ou

Si ou bezwen yon kopi dosye vaksinasyon pitit ou a (pa egzanp, pou lekòl), ou ka telechaje l nan MyChart.

**Etap 1:** Ale nan Sharing Hub (Sant pataj) &gt; Download School Health Summary (Telechaje rezime sante pou lekòl).

**Etap 2:** koche kaz konfirmasyon epi apiye sou Mande Telechaje.