  ## Mande yon renouvèlman medikaman

**Enpòtan:** Ou ka sèlman mande renouvèlman atravè MyChart pou preskripsyon yon famasi ki konekte ak BMC ranpli (tankou BMC Shapiro Pharmacy). Si preskripsyon w la nan yon famasi andeyò rezo a (tankou CVS oswa Walgreens), kontakte famasi sa a dirèkteman.

**Etap 1:** Sou ekran akèy la, tape sou kare **Medications** (**Medikaman**) an.

![Ekran lakay MyChart la avèk kare Medications (Medikaman) an make an koulè.](https://assets.bmc.org/asset/30a4a135-cf2b-498f-b754-d5f55311e3fd/tile_medications-png.png)

**Etap 2:** Chèche medikaman ou bezwen an epi tape sou Request Refill (Mande renouvèlman).

Tape bouton jwe a pou kòmanse videyo a

▶ 



**Etap 3:** Asire w medikaman ou vle renouvle a chwazi. Ou ka chwazi lòt medikaman sou ekran sa a tou.

**Etap 4**: Ekri nenpòt kòmantè ou vle founisè swen sante w la wè.

**Etap 5**: Asire w se bon famasi a ki chwazi, epi tape sou **Next** (**Pwochen**). Sou pwochen ekran an, tape sou **Submit** (**Soumèt**).

Tape bouton jwe a pou kòmanse videyo a

▶ 





 

 ## Mete famasi ou ajou

**Etap 1:** Ale nan meni prensipal Medications (Medikaman) an.

**Etap 2:** Anlè ekran an, klike sou Need to update your list of pharmacies? (Ou bezwen mete lis famasi ou yo ajou?) Ale nan Manage My Pharmacies (Jere famasi mwen yo).

**Etap 3:** Klike sou Add a Pharmacy (Ajoute yon famasi).

**Etap 4:** Chèche famasi ou prefere a lè ou antre non li.

**Etap 5:** Chwazi famasi a epi klike sou Add (Ajoute).

Apre ou fin ajoute famasi ou prefere a, retounen nan demann renouvèlman medikaman an epi rekòmanse pwosesis la. Famasi ou fèk ajoute a ap parèt kòm yon opsyon. Verifye demann ou an epi klike sou Submit (Soumèt) pou voye li bay founisè swen sante ou pou apwobasyon.