  ## Voye yon mesaj sekirize

Mesaj ki nan MyChart yo prive epi yo sekirize. An jeneral, doktè ou oswa ekip swen sante ou a ap reponn nan 1 jiska 3 jou ouvrab. Pa itilize mesaj pou ijans. Si ou bezwen èd tousuit, rele 911 oswa ale nan sal ijans ki pi pre w la.

**Etap 1:** Sou ekran prensipal la, peze kare ki make **Mesaj** la.

![Ekran lakay MyChart la avèk kare Messages (Mesaj) la make an koulè.](https://assets.bmc.org/asset/a18d2115-2aef-479a-bdce-8f1e6f22f69e/tile_message-png.png)

**Etap 2:** Tape **Voye yon mesaj.**

**Etap 3:** Chwazi sa ou ta renmen fè a. Pifò kesyon jeneral ou ta renmen poze ekip swen w lan konsènan sante w ap voye atravè opsyon Poze yon kesyon medikal la.

**Etap 4:** Chwazi ki kalite kesyon medikal ou genyen.

Tape bouton jwe a pou kòmanse videyo a

▶ 



**Etap 5:** Chwazi founisè swen sante ou vle voye mesaj la ba li a.

**Etap 6:** Tape mesaj ou a epi peze **Voye.** Ou ka ajoute fichye oswa imaj nan mesaj ou a sou MyChart tou.

Tape bouton jwe a pou kòmanse videyo a

▶