  ## Antre nan konsiltasyon telesante ou avèk yon mesaj tèks oswa yon imèl

Yon konsiltasyon telesante se yon randevou ak doktè ou pa videyo, avèk telefòn ou oswa òdinatè ou olye pou ou ale nan biwo a.

Ou ka rantre nan vizit ou a apati yon lyen nan yon mesaj tèks oswa yon imèl. Ou pa bezwen louvri aplikasyon MyChart la anvan. Men kijan ou pral rantre nan randevou telesante ou a si ou pa gen MyChart oswa ou pa ka itilize aplikasyon an.

Ou pral resevwa yon tèks oswa yon imèl pou raple w jis anvan randevou w la kòmanse. Ou ka rantre nan vizit ou a dirèkteman apati lyen ki nan mesaj la san menm louvri aplikasyon MyChart la.

**Etap 1:** Ou pral resevwa yon envitasyon pa mesaj tèks oswa imèl. Louvri mesaj la epi chwazi premye lyen an. Si ou pa wè mesaj la nan bwat resepsyon ou a, tcheke dosye Spam lan. Li ka rele Junk tou.

**Etap 2:** Tape non w epi tape Join Session (Antre nan sesyon an).

**Etap 3:** Telefòn ou ap mande w de fwa si li ka itilize mikwofòn ou ak kamera ou. Chak fwa, tape While using the app (Pandan w ap itilize aplikasyon an). Si ou tape Don't allow (Pa pèmèt), doktè w la p ap ka wè w ni tande w.

Tape bouton jwe a pou kòmanse videyo a

▶ 



**Etap 4:** Peze Join Session (Antre nan sesyon an) ankò pou konekte ak vizit la epi tann founisè swen sante w la.



 

 ## Antre nan konsiltasyon telesante ou sou yon òdinatè

Yon konsiltasyon telesante se yon randevou ak doktè ou pa videyo, avèk telefòn ou oswa òdinatè ou olye pou ou ale nan biwo a.

Si ou sèvi ak yon òdinatè, ou ka patisipe nan konsiltasyon ou nan yon navigatè entènèt.

**Etap 1:** Konekte nan MyChart sou yon navigatè òdinatè (Chrome oswa Edge travay pi byen)

**Etap 2:** Chèche konsiltasyon ou a epi bay navigatè a pèmisyon yo.



 

 ## Si vizit videyo ou a pa fonksyone

**Gade:** [Lè vizit videyo ou a pa fonksyone](/ht/mychart/mychart-navigator/knowledge-center/when-your-video-visit-isnt-working)