  ## Sou paj sa a

- [Jwenn èd atravè MassThrive](#jwenn-èd-atravè-massthrive)
- [Filtre rezilta rechèch ou yo](#filtre-rezilta-rechèch-ou-yo)
- [Voye enfòmasyon sou yon pwogram bay tèt ou oswa lòt moun](#voye-enfòmasyon-sou-yon-pwogram-bay-tèt-ou-oswa-lòt-moun)



 

 ## Jwenn èd atravè MassThrive

MassThrive se yon zouti gratis sou entènèt pou ede w jwenn èd nan kominote w la, tankou manje, lojman oswa èd lajan. Ou pa bezwen MyChart pou jwenn aksè nan MassThrive. Sou yon navigatè entènèt, ale nan sit entènèt MassThrive.

Ou ka itilize MassThrive lè ou bezwen èd pou jwenn pwogram ak resous nan kominote w la. MassThrive ka konekte ou menm ak fanmi ou ak sèvis asistans manje, sipò lojman, asistans pou lwaye ak sèvis piblik, transpò, edikasyon ak fòmasyon travay, gadri, asistans finansye, resous swen sante ak anpil lòt pwogram kominotè ki fèt pou satisfè bezwen ou yo.

Yon fwa ou te louvri MassThrive, chwazi lang ou pi pito anvan ou fè rechèch



 

 ## Filtre rezilta rechèch ou yo

Ou ka filtre tou selon bagay espesifik sou ou (yo rele yo "Filtè pèsonèl") oswa bagay espesifik sou pwogram yo (yo rele yo "Filtè pwogram").

- Filtè pèsonèl: Chwazi bagay sou ou, tankou laj ou oswa si ou se yon veteran.
- Filtè pwogram: Chwazi sa pwogram nan dwe ofri, tankou "louvri nan wikenn".

Chwazi Closest (Pi pre) nan meni adwat la pou wè resous ki pi pre ou yo.



 

 ## Voye enfòmasyon sou yon pwogram bay tèt ou oswa lòt moun

Si ou ta renmen pataje resous la avèk yon lòt moun oswa voye li bay tèt ou, klike sou Share (Pataje), ki bò kote More Info (Plis enfòmasyon). Ou ka pataje pwogram lan pa tèks mesaj, kouryèl oswa Facebook. Chwazi lang ou prefere a, li deklarasyon konsantman an epi konfime li, epi klike sou Send (Voye). Fich la gen deskripsyon pwogram nan, nimewo telefòn li, adrès li ak lè li ouvri yo. Ou ka li deskripsyon an pou wè si pwogram nan ofri èd ou bezwen an.